- Boulanje
- Yon kay ki gen yon fou andedan li e moun itilize pou kwit pen, gato, bonbon, e latriye. Nan gwo vil Ayiti yo, anpil boulanje gen yon fou an metal ki brile gaz ou byen elektrisite. Nan vil pwovens yo, moun yo fè fou yo avèk labou e wòsh ou byen mòtye e wòsh ou byen brik. Fou sa yo gwo anpil e yo kapab anfounen anpil plato pen an menm tan.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.